Ou va sou tout lakay mwen, e selon lòd pa ou tout pèp mwen an ap fè obeyisans. Se sèl sou twòn nan ke mwen va pi wo pase ou.”
Sòm 2:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li. 1998 Haïtienne bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l fache, n'a mouri, paske kòlè l moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li! |
Ou va sou tout lakay mwen, e selon lòd pa ou tout pèp mwen an ap fè obeyisans. Se sèl sou twòn nan ke mwen va pi wo pase ou.”
Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.”
Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo, ak sila ki pale mal kont nanm mwen yo.
Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou.
Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm. Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj kont konplo a tout lang lèzòm.
A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a, e ki pa t vire vè moun ògèy yo, ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.
Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon; beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!
Epi koulye a, yo peche plis toujou, e yo fè pou tèt yo imaj fonn an ajan, menm zidòl yo selon jan yo konprann. Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye. Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo ti bèf yo!”
avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou.
Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
Jis jan sa ekri a: “Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite; yon wòch k ap yon ofans, e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.”
ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
Paske sa twouve nan Lekriti sen an: “Byen gade, Mwen poze nan Sion yon wòch byen chwazi, yon wòch kwen prensipal la, e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”
Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a?