Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sofoni 2:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 anvan nou pase tankou pay van pote ale yon sèl jou, anvan dife kòlè Senyè a tonbe sou nou, anvan jou kòlè Senyè a rive sou nou.

Gade chapit la Kopi




Sofoni 2:2
22 Referans Kwoze  

Se kilès ki ka kanpe devan gwo kòlè Li? Kilès ki ka sipòte chalè kòlè Li? Se tankou dife kòlè Li vide; Li menm ki fè wòch yo kraze an mòso.


Akoz sa, yo va tankou nwaj nan maten an ak lawouze k ap disparèt bonè, tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen, e tankou Lafimen soti nan chemine.


SENYÈ a te acheve gwo kòlè Li a. Li te vide gwo kòlè Li a. Li te limen yon dife nan Sion, ki te manje tout fondasyon Li yo.


Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt.


Mechan yo pa konsa. Yo tankou pay ke van an pouse ale.


“Akoz sa, tann Mwen, deklare SENYÈ a, jis rive jou ke M leve pran piyaj la. Anverite, se desizyon Mwen pou rasanble nasyon yo, pou mete wayòm yo ansanm, pou M ka vide sou yo tout chalè kòlè Mwen, tout kòlè vyolan Mwen an. Paske tout tè a va vin devore avèk dife jalouzi Mwen an.


Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.


Èske se tankou pay nan van yo ye vrè, pay ke van pouse ale?


Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.


Paske Mwen menm, SENYÈ a va pale e nenpòt pawòl ke M di, va vin acheve. Sa p ap pran reta ankò, paske nan jou ou yo, O lakay rebèl, Mwen va pale pawòl la e Mwen va akonpli li,” deklare Senyè BONDYE a.’”


Kòlè SENYÈ a p ap vire fè bak jiskaske Li fin fèt pou l acheve tout volonte a kè li yo. Nan dènye jou yo, nou va konprann sa byen klè.


Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye, oswa, Mwen va chire nou an mòso, e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.


Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.


Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite