Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Efezyen 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 afenke nou menm ki te premye espere nan Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Se sa k fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Se poutèt sa, nou menm ki te gentan mete konfyans nou nan Kris la, an n fè louwanj pou glwa Bondye.

Gade chapit la Kopi




Efezyen 1:12
21 Referans Kwoze  

Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.


Nan jou sa a, nasyon yo va retounen vè rasin a Jessé a, ki va kanpe tankou yon sinyal pou pèp la. Epi plas repo Li a va ranpli ak laglwa.


Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”


Mwen te sèmante pa Mwen menm, pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati e li p ap vire fè bak; ke a Mwen menm, tout jenou va koube e tout lang va sèmante fidelite.


Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin jistifye e va rejwi!


Nan jou Li yo, Juda va sove, e Israël va rete ansekirite. Men non pa sila yo va rele Li a: ‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’”


“Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.


Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.


pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri.


a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.


Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon pa Lespri a ak lafwa nan verite a.


Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.


Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite