Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?
Pwovèb 4:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske yo manje pen a malveyan yo e bwè diven vyolans. 1998 Haïtienne Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè. |
Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?
Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans.
Malè a sila ki rele mal la bon, ak bon nan mal; sila ki prezante tenèb la tankou limyè a, ak limyè a kon tenèb la; sila ki prezante sa ki anmè a kon dous, e sa ki dous kon anmè.
“Fòk chak byen veye kont vwazen li, pou l pa mete konfyans nan okenn frè; akoz tout frè yo aji nan koken, e tout vwazen yo ap voye kout lang.
Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.
Paske moun rich li yo plen vyolans. Rezidan li yo fè manti, e lang yo twonpe soti nan bouch yo.
Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen. Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab. Yon nonm pwisan prezante tout mechanste ke nanm li bezwen. Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.
Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.
“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.