Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li, pou l pa mete konfyans nan okenn frè; akoz tout frè yo aji nan koken, e tout vwazen yo ap voye kout lang.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pèsonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 9:4
28 Referans Kwoze  

Yo tout fè rebèl ak tèt di. Y ap mache toupotou bay move rapò a lòt. Se bwonz ak fè yo ye; yo tout konwonpi.


Frè va livre frè l a lanmò, e papa va livre Pitit li. Zanfan yo ap leve kont paran yo e fè mete yo a lanmò.


“‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an. Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.


Paske menm frè ou yo ak lakay papa ou a; menm yo menm, te fè trèt avèk ou! Menm yo menm, te rele dèyè ou. Pa kwè yo, malgre bèl pawòl dous.


Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file, se konsa yon nonm ki pote fo temwen kont vwazen li.


Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti; e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.


ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;


Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.”


epi pou pèsòn pa transgrese e vòlè frè l nan bagay sila, paske Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.


Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò.


Men veye lèzòm, y ap livre nou devan tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo.


Mesye medizan yo te anndan ou nan bi pou yo ta ka vèse san. Nan ou, yo te manje sou lotèl mòn yo. Nan mitan ou, yo te komèt zak ki tèlman lèd.


Yon fo temwen ki bay manti, ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.


Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi; wi sèt menm ki abominab devan l:


Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, li menm, mwen va detwi. Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.


Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a. Nou vire kite Bondye nou an, ak pawòl opresyon ak rebèl. Nan kè a, nou fòmante e fè vin parèt pawòl manti.


Lang pa yo se yon flèch mòtèl; li pale manti. Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li, men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.


Èske se pa yon sèl papa nou genyen? Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo?


Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe.


Paske yo manje pen a malveyan yo e bwè diven vyolans.


Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite