Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 13:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 13:2
16 Referans Kwoze  

Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.


Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li; l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.


Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.


Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo, e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.


Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.


Paske yo manje pen a malveyan yo e bwè diven vyolans.


Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”


Paske vyolans ki fèt Liban an va fè ou plonje desann, ansanm ak destriksyon a bèt va bay ou gwo laperèz; akoz de san vèse a moun ak vyolans tè a, nan chak vil la ak tout sila ki rete ladann yo.


Akoz ou te piyaje anpil nasyon, tout retay pèp yo va piyaje ou. L ap konsa, akoz tout san moun ki vèse ak vyolans ki fèt nan peyi a, nan vil la, ak tout moun ki rete ladann yo.


Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.


men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo. Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.


Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.


Nou te raboure mechanste; nou te rekòlte lenjistis. Nou te manje fwi manti a, akoz nou te mete konfyans nou nan chemen nou, nan fòs kantite gèrye pisan nou yo.


Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon; men dezi a mechan an mennen jijman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite