17 “Dlo yo vòlè dous e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
17 Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou pi gou!
Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.
Pen kòn twouve nan bay manti dous; men pita, bouch la plen gravye.
“Men konsa chemen a fanm adiltè a: Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’.
Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje, kòn vwa dlo k ap kouri nan lari yo?
Kite fontèn dlo ou a rete beni, e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.
Men peche, ki te pran opòtinite atravèLalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri.
Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.