Pwovèb 28:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Moun mechan yo pa konprann lajistis; men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay. 1998 Haïtienne Mechan pa konnen sa ki rele jistis. Men moun k'ap sèvi Senyè a konprann tout bagay. |
Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”
Yo pa konnen, ni yo pa konprann, paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè e kè yo pou yo pa konprann.
Li te di: “Ale di pèp sa a: ‘Kontinye koute, men pa wè; kontinye gade, men pa konprann.’
“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”
“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”
“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.
Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.
Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.