Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 24:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Pawòl moun konprann twò wo pou moun san konprann. Yo pa gen anyen pou yo di kote koze serye ap pale.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 24:7
21 Referans Kwoze  

si mwen te leve men m kont òfelen an, akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,


Fis li yo pa jwenn sekirite ditou; menm nan pòtay la, yo oprime, ni pa gen moun pou delivre yo.


Chemen pa li yo reyisi tout tan; Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo. Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.


A la beni se nonm ke veso l plen ak yo. Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.


Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.


Wout lavi a mennen moun saj la anwo, pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a.


Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?


Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan; men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.


Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse, bokou mwens lèv kap manti sou yon prens.


Pa vòlè malere a paske li pòv, ni kraze aflije nan pòtay la;


Moun mechan yo pa konprann lajistis; men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.


Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo, lè l chita pami ansyen a peyi yo.


sila ki pou valè a yon sèl pawòl, rele moun nan tribinal la, epi fè pyèj pou sila ki korije moun nan pòtay la, e ak fwod, rache dwa inosan an ak fo temwayaj.


Paske moun fou a pale foli, e kè li apiye vè mechanste: pou fè sa ki kont Bondye e pale mal kont SENYÈ a, pou kenbe moun grangou a san satisfè, e pou anpeche moun swaf la bwè.


Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.


Paske Mwen konnen transgresyon nou yo vin anpil e peche nou yo vin gran; nou menm ki boulvèse moun dwat yo, ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo, e ki detounen malere a nan pòtay la.


Rayi mal e renmen sa ki bon, e etabli jistis nan pòtay la! Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo ka fè gras a retay Joseph la.”


Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite