Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Jan 2:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Men nou menm gen lonksyon lan ki sòti nan Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Pou nou menm, nou te resevwa kado Sentespri a te ban nou an, kon sa nou tout gen konesans verite a.

Gade chapit la Kopi




1 Jan 2:20
28 Referans Kwoze  

Paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo; ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.


Ou ranje yon tab devan mwen nan prezans lènmi mwen yo. Ou onksyone tèt mwen avèk lwil. Tas mwen fin debòde nèt.


Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste. Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a, te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.


Konsa, mwen va louwe Ou avèk ap la pou fidelite Ou, O Bondye mwen. A Ou menm, mwen va chante lwanj avèk gita, O Sila Ki Sen an Israël la.


Men Ou te fè kòn mwen an leve wo tankou bèf mawon. Mwen te onksyone avèk lwil nèf.


Moun mechan yo pa konprann lajistis; men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.


Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, Sila Ki Sen en Israël la, Sovè ou a. Mwen te bay Égypte kon ranson ou Cush ak Saba nan plas ou.


Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;


“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”


Se sa ki konsakre a Aaron e ki konsakre a fis li yo soti nan ofrann brile bay SENYÈ a, depi jou ke li te prezante yo pou sèvi kòm prèt bay SENYÈ a.


Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt.


pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”


“Lespri Senyè a sou Mwen, paske Li te onksyone M pou preche bòn nouvèl la a malere yo. Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo, pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.


“Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”


Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.


Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.


sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.


“Men nou te nye Sila ki Sen e Jis la, e te mande yo livre bannou yon asasen,


Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun.


Ou renmen ladwati e ou rayi linikite; konsa, Bondye, Bondye pa w la te onksyone ou avèk lwil lajwa a pi plis ke parèy Ou yo.”


Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’, paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan pi piti jiska pi gran nan yo.


Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.


Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.


Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.


“A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vrè a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa:


Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite