6 Pi bon se malere ki mache ak ladwati a pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
6 Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè.
Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li.
Pi bon se piti ak ladwati pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.
Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous. Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
Sila ki mache san tò a va delivre; men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.