Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 28:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Moun mechan yo pa konprann lajistis; men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Mechan pa konnen sa ki rele jistis. Men moun k'ap sèvi Senyè a konprann tout bagay.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 28:5
18 Referans Kwoze  

Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.


Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.


Men nou menm gen lonksyon lan ki sòti nan Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa.


Yon nonm ensanse pa gen konesans, ni yon nonm bèt pa konprann sa:


“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen.


Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.


Wout lavi a mennen moun saj la anwo, pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a.


Mwen gen konprann plis pase granmoun yo, akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.


Lamitye SENYÈ a se pou sila ki gen lakrent Li yo. Li va fè yo konnen akò Li.


“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”


Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis, e menm egalite avèk tout bon chemen yo.


Li te di: “Ale di pèp sa a: ‘Kontinye koute, men pa wè; kontinye gade, men pa konprann.’


Yo pa konnen, ni yo pa konprann, paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè e kè yo pou yo pa konprann.


Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo, Paske yo toujou pou mwen.


Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”


“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite