Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Amòs 3:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 “Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a, “sila yo k ap kache piyaj yo ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Yo pa konn jan pou yo fè sa ki dwat devan Bondye. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Yo plen kay yo ak bagay yo pran nan vòlò ak nan sasinen moun.

Gade chapit la Kopi




Amòs 3:10
23 Referans Kwoze  

Anyen pat rete ke li pat devore; akoz sa a, byen li yo pat dire.


Èske tout malfektè inikite yo pa konnen, sila Ki manje pèp mwen yo tankou y ap manje pen an, san yo pa rele SENYÈ a?


Nou va jwenn tout kalite byen presye, nou va ranpli lakay nou ak piyaj.


Yon fanm ak gras twouve onè; e mesye san prensip yo twouve richès.


Moun mechan yo pa konprann lajistis; men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.


Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman.


“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.”


Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo.


Si yon nonm pa oprime okenn moun, men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt, epi pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou e kouvri moun toutouni ak rad,


Pèp peyi a te pratike opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.


Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Èske se yon bagay twò piti pou lakay Juda ta komèt abominasyon ke yo te komèt isit la? Paske yo te ranpli peyi a ak vyolans e te pwovoke M plizyè fwa? Gade byen, y ap vekse M menm ak ti branch bwa yo poze sou nen yo.


Lè M ta geri blesi Israël, inikite a Éphraïm nan vin dekouvri, ak mechanste a Samarie a tou; paske yo aji nan manti. Vòlè a antre, bandi yo atake pa deyò.


Tande pawòl sa a, nou menm, vach Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”


Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè, e ki jete ladwati rive jis atè yo,


Èske cheval konn kouri sou wòch, oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf? Konsa, nou te fè Lajistis vin tounen pwazon e fwi ladwati vin anmè nèt.


Malè a nou ki konn ranvoye jou malè! Ka pote sant vyolans lan vin pi pre!


Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: “Mwen rayi awogans a Jacob la, e Mwen deteste sitadèl li yo. Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”


Èske toujou gen trezò mechanste lakay mechan an, ak yon mezi ki manke? Ki se madichonnen?


Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.


Paske lè yo kalkile konsa a, sa vin chape de remak yo ke selon pawòl Bondye a, syèl yo te egziste depi lontan e latè te fòme avèk dlo e pa dlo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite