Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
Pwovèb 21:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat; men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo. 1998 Haïtienne Lè yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase. |
Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo; men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
Paske poukisa fis mwen an, ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè, e anbrase lestonmak a yon etranje?
Mwen konnen ke pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a.
Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat, ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo. Gade byen, Ou te fache paske nou te peche, nou te kontinye nan peche pandan anpil tan. Èske nou va sove?
Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.