Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 21:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Yon kado vèse an sekrè kalme fachez, e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 21:14
8 Referans Kwoze  

Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li. Petèt li kapab aksepte mwen.’”


Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann.


Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè; pou l tòde chemen lajistis.


Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li; nenpòt kote li vire, li byen reyisi.


Don a yon nonm fè kont espas pou li, e mennen li devan moun enpòtan.


Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri; tout moun se zanmi a sila ki bay kado.


Konsa David te resevwa nan men li sa ke li te pote pou li a. Epi li te di li: “Ale lakay ou anpè. Gade, mwen te koute ou e te bay ou demann pa ou a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite