Pwovèb 19:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a. 1998 Haïtienne Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li. |
Tout lajounen, moun dwat la plen ak gras pou prete moun. Desandan li yo se yon benediksyon.
Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li.
Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous. Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
Pi bon se malere ki mache ak ladwati a pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
Paske men nou souye ak san vèse, e dwèt nou ak inikite. Lèv nou fin pale sa ki fo, e lang nou plenyen mechanste.
Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”
Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo.