Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 16:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pi bon se piti ak ladwati pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 16:8
12 Referans Kwoze  

Pi bon se ti kras a moun dwat yo, pase abondans anpil a mechan yo.


Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a, pase gwo richès ak gwo twoub ladann.


Pi bon se yon plato legim avèk lanmou, pase yon bèf gra ak rayisman.


Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.


Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.


Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè pase yon kay ak gwo manje nan konfli.


Pi bon se malere ki mache ak ladwati a pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.


Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.


Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li, se konsa sila ki ranmase richès san dwa. Nan mitan jou li yo, yo va kite li, e lè vi l fini, li va yon moun bèt.


Èske toujou gen trezò mechanste lakay mechan an, ak yon mezi ki manke? Ki se madichonnen?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite