Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 4:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Mete lwen de ou yon bouch manti e mete tout pawòl foub byen lwen ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Pa janm kite manti sòti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 4:24
16 Referans Kwoze  

Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.


Tout pawòl a bouch mwen yo dwat; nanpwen anyen kwochi oswa pèvès ladann yo.


Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.


Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.


Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang


Yon sanzave, yon moun mechan se sila ki mache ak yon bouch pèvès,


diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.


Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou.


Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël?


Sila ki gen panse kwochi a, pa jwenn anyen ki bon, e sila ki pèvès nan pawòl li yo tonbe nan mal.


Si se inikite ki nan men ou, mete l byen lwen. Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.


Kite zye ou gade tou dwat devan e kite vizyon ou konsantre devan nèt.


Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon; men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.


Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.


Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon. Chache lapè e fè efò pou twouve li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite