Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 19:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous. Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Tou sa yo mande yon moun se pou l gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l mantò.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 19:22
14 Referans Kwoze  

Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.


Men SENYÈ a te di a papa m, David: ‘Akoz li te nan kè ou pou bati kay pou non Mwen an, ou te fè byen lè sa te nan kè ou a.


Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la, menm zye pitit li yo va vin gate.


Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin, kon flèv ravin ki vin sèch;


Moun nan pozisyon ba yo se se sèl yon souf nan van. Moun ki plase wo yo se manti. Nan pèz balans yo, se monte, yap monte. Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.


Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.


Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.


Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi ak kè satisfè, san kontamine ak mal.


Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.


nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite