Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 18:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l; e avèk dezonè, wont vin parèt.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Y'ap meprize moun k'ap fè mechanste. Moun ki pa fè respè tèt yo gen pou yo wont.

Gade chapit la



Pwovèb 18:3
14 Referans Kwoze  

Tande, O Bondye pa nou an, kijan nou meprize! Fè repwòch pa yo retounen sou pwòp tèt yo, e livre yo pou yo ta vin piyaje nan yon peyi an kaptivite.


Repwòch fin kraze kè m. Mwen vin ba nèt. Mwen te chache pitye, men pa t genyen; kondoleyans, men nanpwen.


Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt. Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.


Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv; men avèk moun enb lan, se sajès.


Yon nonm dwat rayi sa ki fo; men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.


Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; men sèlman nan devwale pwòp panse li.


Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon; dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.


Mete moun k ap moke moun yo deyò, e diskisyon an prale tou; wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.


Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante; men moun dwat yo va wè tonbe yo.


Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.


Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou.


Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou.