Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Pwovèb 29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch va vin kraze sibitman san remèd.

2 Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi; men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.

3 Yon nonm ki renmen sajès fè papa l kontan; men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.

4 Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab; men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.

5 Yon nonm ki flate vwazen li ap ouvri filè pou pla pye li.

6 Pa transgresyon yon nonm mechan vin pran nan pyèj nèt; men moun dwat la va chante e rejwi.

7 Moun ladwati a gen kè pou dwa malere; men mechan an pa menm konprann afè sa a.

8 Mokè yo, fè gwo vil la pran dife; men moun saj yo kalme kòlè.

9 Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann, moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.

10 Moun k ap vèse san rayi inosan an; men moun dwat yo pwoteje lavi li.

11 Moun san konprann toujou fache; men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.

12 Si gouvènè a prete atansyon a manti, tout minis li yo va vin mechan.

13 Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble; se SENYÈ a ki mete limyè nan zye tou de.

14 Si yon wa jije pòv yo ak verite, twòn li va etabli jis pou tout tan.

15 Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.

16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante; men moun dwat yo va wè tonbe yo.

17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò; anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.

18 Kote nanpwen vizyon, pèp la san fren; men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.

19 Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav; paske malgre li konprann, li p ap reponn.

20 Èske ou wè yon nonm ki pale vit san reflechi? Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.

21 Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a, nan lafen, twouve yon fis.

22 Yon nonm an kòlè pwovoke konfli e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.

23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba; men yon lespri enb va jwenn respè.

24 Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li; li pran sèman an men li pa pale anyen.

25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen; men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.

26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a; men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.

27 Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat, yon nonm ladwati abominab a mechan yo.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite