Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 29:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante; men moun dwat yo va wè tonbe yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Lè mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 29:16
11 Referans Kwoze  

Kè li kanpe janm. Li pa pè anyen, jiskaske denyè moman an lè li gade ak kè kontan advèsè li yo.


Tann SENYÈ a e kenbe chemen Li an. Konsa, Li va leve ou wo pou eritye peyi a. Lè mechan yo koupe retire, ou va gen tan wè l.


Konsa, li mouri nèt, e vwala, li pa t la ankò. Mwen te chache li, men li pa t kab twouve.


Moun ladwati a va rejwi lè l wè vanjans lan. Li va lave pye li nan san a mechan yo,


Ou va sèlman gade avèk zye ou pou wè rekonpans a mechan yo.


Epi zye mwen vin gade avèk kè kontan malfektè ki leve kont mwen yo.


Paske gade byen, lènmi Ou yo, O SENYÈ, paske gade byen, lènmi Ou yo va peri. Tout moun ki fè inikite yo va gaye nèt.


Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an, afè mechan an vin detwi nèt.


Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi; men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.


Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè, epi bay glwa a non Ou? Paske se Ou sèl ki sen. Paske tout nasyon yo va vini pou adore devan Ou. Paske zèv ladwati Ou yo, Ou gen tan revele.”


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite