Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 69:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt. Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 (10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.

Gade chapit la Kopi




Sòm 69:9
11 Referans Kwoze  

Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.”


Zèl mwen fin manje m nèt, akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.


Tout moun ki pase akote piyaje li. Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo.


Li te di: “Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”


Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan,


“Li te retire frè m yo byen lwen mwen e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.


Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen. Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon. Y ap manniganse trayizon tout lajounen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite