Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 18:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Don a yon nonm fè kont espas pou li, e mennen li devan moun enpòtan.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.

Gade chapit la



Pwovèb 18:16
10 Referans Kwoze  

Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li. Petèt li kapab aksepte mwen.’”


Jacob te di: “Non, souple, si koulye a mwen twouve favè nan zye ou, alò, pran kado a nan men m, paske mwen wè figi ou tankou yon moun ki vin wè figi a Bondye, e ou te byen resevwa m.


Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann.


Alò, wa Syrie a te di: “Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la.” Li te sòti e te pran avè l dis talan ajan ak si-mil sik an lò ak dis echanj vètman konplè.


Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li; nenpòt kote li vire, li byen reyisi.


Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon; jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.


Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri; tout moun se zanmi a sila ki bay kado.


Yon kado vèse an sekrè kalme fachez, e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.


Jesse te pran yon bourik chaje avèk pen ak yon boutèy diven avèk yon jenn kabrit e li te voye yo kote Saül avèk David, fis li a.


Alò, kite kado sila ke sèvant ou pote pou mèt mwen an, bay a jennonm ki akonpanye mèt mwen yo.