Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Wa 5:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Alò, wa Syrie a te di: “Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la.” Li te sòti e te pran avè l dis talan ajan ak si-mil sik an lò ak dis echanj vètman konplè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Wa Siri a reponn: — Bon, ou pral jwenn wa peyi Izrayèl la, m'ap ba ou yon lèt pou li. Se konsa Naaman pati. Li te pote trantmil (30.000) pyès ajan, simil (6.000) pyès lò ak dis rad nèf fèt ak bon twal fen.

Gade chapit la Kopi




2 Wa 5:5
21 Referans Kwoze  

Yo te di youn ak lòt: “Vini, annou fè brik e brile yo byen brile.” Epi yo te sèvi ak brik pou wòch, e yo te sèvi ak azfòt kòm mòtye.


Vini, annou desann e konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt.”


A yo chak, li te bay echanj abiman, men a Benjamin li te bay twa san pyès an ajan, ak senk echanj abiman.


Alò, wa a te di a nonm Bondye a: “Vin lakay la avèk mwen pou rafrechi ou, e mwen va ba ou yon rekonpans.”


Alò, wa Israël la te di a sèvitè li yo: “Èske nou konnen ke Ramoth-Galaad apatyen a nou menm e jiska prezan, nou p ap fè anyen pou rache li nan men wa Syrie a.”


Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”


Naaman te antre kote mèt li a e te di: “Men konsa, fi ki sòti peyi Israël la te pale.”


Li te mennen lèt la bay wa Israël la ki te di: “Epi koulye a, kòmsi lèt sa a rive bò kote ou, men vwala, mwen te voye Naaman, sèvitè mwen an kote ou, pou ou kab geri li nan afè lalèp sila a.”


Don a yon nonm fè kont espas pou li, e mennen li devan moun enpòtan.


Mwen te di nan tèt mwen: “Vini koulye a, mwen va teste ou ak plezi. Pou sa, fè kè ou kontan.” Epi sa osi se te vanite.


Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a: Mwen va retire kloti li e li va brile; Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.


Konsa, ansyen a Moab yo avèk ansyen a Madian yo te pati avèk frè pou peye divinasyon nan men yo. Yo te vin kote Balaam pou te repete pawòl a Balak yo pou li.


Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.”


Samson te di yo: “Kite m bannou yon kont pou nou kab devine l. Si nou kab vrèman reponn pandan sèt jou ki ekoule nan fèt la pou twouve bout li, alò, mwen va bannou trant gwo manto fèt an len avèk trant echanj vètman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite