Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril, epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
Pwovèb 14:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri. 1998 Haïtienne Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope. |
Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril, epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
Anverite, se konsa abitasyon a mechan yo ye a. Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”
Arenye a mete konfyans sou lakay li, men li p ap kanpe. Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
si ou te san tach e dwat; anverite, koulye a, Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou jan ou te ye nan ladwati ou.
Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.
Men yon ti tan ankò, mechan an va disparèt. Ou va chache avèk atansyon plas li, men li p ap egziste.
Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe; men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la; men, moun san konprann nan vale tout.
Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”