Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 128:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen ki bay anpil rezen lakay ou. Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plan oliv tout arebò tab ou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 128:3
11 Referans Kwoze  

Joseph se yon branch ki donnen fwi; yon branch avèk fwi toupre yon sous. Branch li yo kouri sou yon miray.


Fis a Ulam yo te mesye pwisan, ranpli ak kouraj, achè yo, avèk anpil fis e fis a fis, san-senkant antou. Tout sa yo se te fis a Benjamin.


Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a. Fwi a vant la se yon rekonpans.


A la beni se nonm ke veso l plen ak yo. Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.


Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi, e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal.


Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye. Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a pou tout tan e pou tout tan.


SENYÈ a te bay ou non: “Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”. Ak gwo bri, li te limen dife sou non sa a, e branch li yo te kase.


“‘Manman ou te tankou yon lyann nan san ou an. Li te plante bò kote dlo. Li te plen fwi ak anpil branch, akoz dlo an abondans.


Paske si ou te koupe soti nan yon bwa ki pa nati li, te yon bwa oliv sovaj, e ou te vin grefe kont nati, nan yon bwa oliv ki kiltive, konbyen anplis tout branch sila yo ki se branch natirèl va grefe nan bwa oliv orijinal la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite