Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 15:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a; men L ap etabli lizyè vèv la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

25 Senyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 15:25
20 Referans Kwoze  

Li fè tò a fanm esteril la. Li pa gen mizerikòd pou li.


Ou te wè sa, paske Ou te wè kont mechanste ak agase moun pou pran sa an men. Malere a ap depann de Ou menm; Se Ou ki konn ede òfelen an.


Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe sila ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.


SENYÈ a pwoteje etranje yo. Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la, men Li jennen wout mechan an.


Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan? Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.


Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan


Mechan yo va boulvèse e vin disparèt; men kay a moun dwat yo va kanpe.


Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri.


Plan mechan yo abominab a SENYÈ a; men pawòl agreyab yo san tach.


Pa deplase ansyen bòn nan, ni antre nan chan òfelen yo,


Aprann fè sa ki bon; chache lajistis, fè sekou oprime yo, defann òfelen yo, plede ka a vèv la.


Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman kont nenpòt moun ki ògeye, e ki awogan; nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.


Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.


Men lè kè l te vin egzalte wo, lespri li te vin tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l.


“Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede.


Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou a se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite