Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 3:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 3:33
20 Referans Kwoze  

Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a, men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.


Si nou pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè.


Nanpwen mal k ap rive ou, Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.


Nou p ap fè antre yon abominasyon konsa lakay nou, oswa tankou li, nou va vin anba madichon. Rayi li nèt e deteste li, paske li se yon bagay ki anba madichon.”


Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an, afè mechan an vin detwi nèt.


Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.


Konsa, lach SENYÈ a te rete lakay Obed-Édom an, Gatyen an, pandan twa mwa e SENYÈ a te beni Obed-Édom avèk tout lakay li.


“Leve ou menm! Konsakre pèp la e di: ‘Konsakre nou menm pou demen. Paske konsa, SENYÈ a, Bondye Israël la te di: “Gen bagay ki anba ve a nan mitan nou, O Israël. Ou pa kapab kanpe devan lènmi ou yo jiskaske ou retire bagay ki anba ve yo soti nan mitan ou.”’”


epi malediksyon an si nou pa koute kòmandman a SENYÈ yo, Bondye nou an, men vire akote chemen ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou swiv lòt dye ke nou pa t konnen yo.


“Men pou nou menm, sèlman kenbe tèt nou apa pou pa fè bagay sa yo ki anba ve pou detwi, pou nou pa anvi yo e pran kèk bagay ki anba ve a, pou fè kay Israël la vin modi pou gwo pwoblèm vin sou li.


“Se kim yo ye k ap monte sou dlo. Pòsyon pa yo modi sou latè. Yo pa tankou chan rezen yo.


Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan Sejou Lanmò yo e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.


Benediksyon se sou tèt a moun dwat la; men bouch mechan an kache vyolans.


Lakay mechan yo va detwi; men tant a moun dwat la va fleri.


Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo; men gwo twoub se salè a mechan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite