Pwovèb 11:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon; men dezi a mechan an mennen jijman. 1998 Haïtienne Lè moun k'ap mache dwat jwenn sa yo vle a, se lakontantman pou tout moun. Men lè se mechan ki jwenn sa y'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi. |
Yon sèl bagay ke m te mande a SENYÈ a; se li mwen va chache: pou m ta kab rete lakay SENYÈ a tout jou lavi m yo, pou m kab gade bèlte SENYÈ a, e reflechi jis nan fon kè m nan tanp Li an.
Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon; men volonte moun infidèl se vyolans.
Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.
Men pou mwen menm, mwen pa t kouri pou m ta sispann fè bèje pou Ou, ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a. Ou konnen! Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.
men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.