Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an.
Pwovèb 10:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri. 1998 Haïtienne Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men talè konsa, non mechan an ap sèvi jouman. |
Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an.
‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou koz Mwen menm ak pou koz sèvitè mwen an, David.’”
Yo te antere li lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a.
Konsa, Ézéchias te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan chemen an ki monte kote tonm fis a David yo. Tout Juda avèk pèp Jérusalem nan te onore li nan lanmò li. Fis li a, Manassé te devni wa nan plas li.
Vant manman an va bliye li. Vè va manje li byen dous, jiskaske moun pa sonje l ankò. Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.
Kite desandan li yo koupe retire nèt. Nan jenerasyon ki swiv yo, kite non yo efase nèt.
Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite.
“Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo. “Mwen va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo de sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a.
O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.
Anverite Mwen di nou: Nenpòt kote ke bòn nouvèl la ta preche nan tout lemonn, sa ke fanm sa a fè a, li va pale nan memwa li.”
Paske li te gade eta ba sèvant Li an; paske gade byen, soti nan moman sa a jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.