Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Eklezyas 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Wi. Mwen wè yo antere mechan yo, yo kouche kadav yo anba tè. Mwen wè moun ki mache dwat yo pa menm jwenn kote pou moun antere yo. Tout moun nan lavil la bliye sa yo te fè. Tou sa ankò pa vo anyen, sa p'ap sèvi anyen.

Gade chapit la Kopi




Eklezyas 8:10
14 Referans Kwoze  

Èske se tankou pay nan van yo ye vrè, pay ke van pouse ale?


Mwen fin bliye tankou yon moun mouri, disparèt nan panse moun. Mwen tankou yon veso ki fin kraze.


Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.


Nanpwen memwa a ansyen bagay yo, ni anplis a sila k ap vini pita, pami sila ki vini apre yo.


Paske nanpwen okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!


Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a.


Paske vivan yo konnen ke y ap mouri; men mò yo pa konnen anyen; ni yo pa jwenn rekonpans ankò, paske memwa yo fin bliye nèt.


O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.


“Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan sen Abraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere.


Yo te mete devan fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont lye sakre sila a, ak Lalwa.


Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite