Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 10:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la; men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 10:8
15 Referans Kwoze  

Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt.


Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.


Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.


Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,


Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;


Nan tout travay gen pwofi; men pale anpil mennen nan povrete.


Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.


Sila ki kontwole bouch li, konsève lavi li; sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.


Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm.


Sila ki bat zye a, koze pwoblèm, e moun fou a ki pale anpil, fè dega.


Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou. Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.


Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.


Moun saj yo ranmase konesans; men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite