Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 34:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo, pou efase memwa yo sou tè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 (17) Men, Senyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 34:16
15 Referans Kwoze  

Memwa li fin disparèt sou tè a men li pa gen non nan okenn lòt peyi.


Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo; men avèk wa ki chita sou twòn yo, li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.


SENYÈ a se Wa a pou tout tan! Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.


Konsa, latè a te tranble. Fondasyon a mòn yo te tranble. Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.


Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo, sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,


Sila ki plante zòrèy la, èske Li pa tande? Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.


Memwa a moun dwat la beni; men non mechan an vin pouri.


SENYÈ a lwen mechan an; men Li tande lapriyè a moun dwat yo.


Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite.


O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.


“Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap fikse fas Mwen kont nou pou malè, menm pou koupe retire tout Juda.


“‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’


Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.


Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite