Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Pwovèb 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Krentif pou Bondye, se premye baz konesans. Moun fou pa konn valè konesans. Yo pase sa nan rizib.

Gade chapit la



Pwovèb 1:7
16 Referans Kwoze  

Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!


“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?


Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li; men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.


Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès; avan onè, fòk imilite.


Yon moun ensanse refize disiplin a papa l; men sila ki aksepte repwòch gen sajès.


Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann; men sèlman nan devwale pwòp panse li.


nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a, e dekouvri konesans Bondye a.


Pa pale nan zòrèy a moun sòt, paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.


Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.


Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun.


Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo.


Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’