Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 1:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 konsa, y'a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k'ap sòti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 1:6
14 Referans Kwoze  

Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb. Mwen va eksprime yon devinèt sou ap la.


Mwen va ouvri bouch mwen avèk yon parabòl. Mwen va pale pawòl fonse a tan ansyen yo,


Sila yo, anplis, se pawòl a sajès: Fè patipri nan jijman pa bon.


Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.


“Epi nan dènye pati wayòm yo a, lè transgresè yo fin fè tout transgresyon yo, yon wa va leve ki fiwos, e plen devinèt koken.


Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”


Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl.


Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.


Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.


kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite