Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Detewonòm 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Se pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gentan gen konprann, yo gentan gen lespri!

Gade chapit la Kopi




Detewonòm 4:6
27 Referans Kwoze  

Konsa, a lòm Li te di: ‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès; epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!


Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.


Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.


Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.


Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi. Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ la. Ki kalite sajès ka rete nan yo?


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.


Lalwa SENYÈ a pafè Li rekonfòte nanm. Temwayaj SENYÈ a vrè, k ap fè saj yo senp.


“Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.


Pou chak sikonstans ke wa a te konsilte yo pou sajès ak bon konprann, li te twouve yo dis fwa pi bon ke tout majisyen ak mèt zetwal ki te nan tout wayòm li a.


Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.


O Beltschatsar, chèf majisyen yo, akoz mwen konnen ke lespri a dye sen yo nan ou e nanpwen mistè ki difisil pou ou fè m konnen vizyon a rèv mwen ke m te fè yo, ansanm ak entèpretasyon li.


Pou sa, kenbe pawòl akò sa yo pou fè yo, pou nou kapab reyisi nan tout sa ke nou eseye fè.


li te di yo: “Pran a kè nou tout pawòl avèk sila mwen avèti nou jodi a, ke nou va kòmande fis nou yo pou swiv avèk atansyon, tout pawòl a lalwa sila yo.


Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.


“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sa se Jérusalem. Mwen te mete li nan mitan a nasyon yo ak peyi ki antoure li yo.


Malgre sa Mwen te ekri pou li règleman san fen de Lalwa Mwen yo, men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.


Prensip a SENYÈ yo dwat, ki fè kè rejwi. Kòmandman SENYÈ a san tach. Li fè zye yo limen.


Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.


Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,


Ladwati leve yon nasyon; men peche se yon gwo wont pou yon pèp.


SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li; pou fè lalwa a gran e plen respe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite