Pwovèb 1:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo. 1998 Haïtienne Pwovèb yo ap louvri lespri moun ki manke konprann. Y'ap bay jenn gason konesans ak konprann. |
Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann. Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.
Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’
Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.