Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 19:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Lalwa SENYÈ a pafè Li rekonfòte nanm. Temwayaj SENYÈ a vrè, k ap fè saj yo senp.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 (8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.

Gade chapit la Kopi




Sòm 19:7
41 Referans Kwoze  

Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye? Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m, An lòd nan tout bagay e byen solid. Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen, èske, anverite, Li p ap fè l grandi?


Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo. Mwen te kenbe pawòl a bouch Li kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.


Zèv men Li yo se verite avèk jistis. Tout prensip Li yo vrè.


Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e yon limyè nan pa pye mwen.


Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan, paske se yo ki lajwa kè m.


Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a sila ki senp yo.


Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo, konsi se nan tout richès yo.


Depi nan tan ansyen yo, mwen te konnen de temwayaj Ou yo, ke Ou te etabli yo jis pou tout tan yo. RESH


Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo. DALETH


Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen, pase pyès lò ak ajan pa milye. YODH


Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot? Nan kenbe li selon pawòl Ou.


Pou Bondye, chemen Li san fot. Pawòl SENYÈ a pase a leprèv. Li se yon boukliye pou tout moun k ap pran sekou nan Li.


Li restore nanm mwen. Li gide mwen nan chemen ladwati yo, akoz non sen Li an.


Regleman Ou yo kanpe nèt; Sentete byen bèl lakay Ou a O SENYÈ, jis pou tout tan.


Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.


Mare akò la. Sele lalwa pami disip mwen yo.


Vire kote lalwa ak akò la! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.


Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.


“A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”


Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.


Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.


Anpil nan tout aspè. Premyèman Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo.


Wòch la! Zèv Li yo pafè, paske tout chemen li yo jis. Yon Bondye fidèl e san enjistis, dwat e jis ke Li ye.


Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.


Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,


Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”


Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.


“Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.


Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite