Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 1:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 1:5
18 Referans Kwoze  

Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans, men sila ki rayi korije a, se bèt.


Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.


Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a.


“Men si gen moun bon konprann, koute sa a; koute vwa pawòl mwen yo.


“Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann. Fòk se lwen pou Bondye ta fè mechanste, e pou Toupwisan an fè mal.


Moun ak bon konprann va di mwen, oswa yon nonm saj ki tande m va di:


Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?” Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”


Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.


Anplis, mwen te wè anba solèy la ke kous la pa pou moun ki rapid la, ni batay la pa pou gwo gèrye yo, ni pen pou saj la, ni richès a sila ki byen konprann nan, ni favè a moun abil; paske tan avèk jan tout bagay dewoule vin genyen yo tout.


Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’


“Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou. Koute mwen, nou menm ki gen konesans.


Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.


Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.


Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans; anplis, zòrèy a saj la chache konesans.


Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; repwòch a yon moun bon konprann, va fè l genyen konesans.


Lè mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj; men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite