Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 34:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Vini, pitit, koute mwen. Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 (12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Sòm 34:11
20 Referans Kwoze  

Pi gran lyon an peri paske li manke manje, e pitit li yo vin gaye.


Paske Li te satisfè nanm swaf la, e nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès. Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann. Lwanj Li dire jis pou tout tan!


Anpil byen ak gwo richès rete lakay li. Ladwati li dire pou tout tan.


Bondye se bèje mwen; mwen p ap janm manke anyen.


Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen nan sila ou dwe ale a. Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.


Vin tande, nou tout ki gen lakrent Bondye e mwen va pale ou tout sa Li te fè pou nanm mwen.


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.


Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale, e lè li vin gran, li p ap kite li; menm lè l granmoun, li p ap kite li.


Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa, e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,


Alò, pou sa, fis yo, koute mwen e okipe pawòl a bouch mwen yo.


Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.


“Alò, pou sa, fis yo, koute mwen; paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.


Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.


A ki moun Li ta enstwi konesans e a kilès Li ta entèprete mesaj la? Sila ki fenk sevre nan lèt yo? Sila ki fenk sispann pran tete yo?


“Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.


Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite