Kanal lanmè yo te vin parèt. Fondasyon mond lan te dekouvri nèt, pa repwoch SENYÈ a, ak fòs vann a ki soti nan ne l.
Miche 6:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, e Li va plede ka Li ak Israël. 1998 Haïtienne Nou menm, mòn yo, nou menm ki fondasyon tè a pou tout tan, tande plent Senyè a ap vin pote pou pèp li a! Wi, li pral pote plent pou pèp Izrayèl la! Li gen yon kòz pou l plede ak li! |
Kanal lanmè yo te vin parèt. Fondasyon mond lan te dekouvri nèt, pa repwoch SENYÈ a, ak fòs vann a ki soti nan ne l.
Latè te tranble e souke. Fondasyon syèl la t ap tranble. Yo te sombre, akoz Li te fache.
Li te etabli tè a sou pwòp fondasyon li, pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.
lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li, lè Li te make tras fondasyon tè a;
“Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a: “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj; malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
Mete M nan memwa ou. Annou diskite ka nou ansanm. Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.
Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo, jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.
“Pou sa, jiska prezan, Mwen va fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a: “Menm avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont.
Yon zen va rive soti nan dènye ekstremite latè, akoz SENYÈ a gen yon kont pou regle ak tout nasyon yo. Li va antre nan jijman ak tout chè yo. Pou mechan yo, li va livre yo a nepe,’” deklare SENYÈ a.
Konsa pale SENYÈ a: “Si syèl anwo yo ka mezire, e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba; alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.
Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda e Li va pini Jacob selon chemen li yo. Li va rekonpanse li selon zak li yo.
Nan vant manman, li te kenbe frè l pa talon; epi lè l fin grandi, li te lite ak Bondye.
Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a: Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di: “Leve, plede ka ou devan mòn yo; kite kolin yo tande vwa ou.
Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen, ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo. Li manje latè a avèk tout don li yo, e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt.