Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Miche 6:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Koute koulye a sa ke SENYÈ a ap di: “Leve, plede ka ou devan mòn yo; kite kolin yo tande vwa ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Koute sa Senyè a ap di: — Leve non! Vin plede kòz ou devan gwo mòn yo! Kite ti mòn yo tande sa ou gen pou di a!

Gade chapit la Kopi




Miche 6:1
22 Referans Kwoze  

Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale. Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la jis rive nan kote li kouche a.


Li rele tout syèl yo anwo, avèk latè pou jije pèp Li a:


Koute O syèl yo e tande O latè; paske SENYÈ a pale: “Fis Mwen leve yo, men yo fè rebèl kont Mwen.


Se SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo e ki kanpe pou jije pèp la.


Koute e prete atansyon ak sa. Pa fè ògèy, paske SENYÈ a fin pale.


O latè, latè, latè, tande pawòl SENYÈ a!


Epi ou menm, fis a lòm, pwofetize a mòn Israël yo e di: “O mòn Israël yo, tande pawòl SENYÈ a.


“‘“Men nou menm, O mòn Israël yo, nou va lonje fè branch nou yo vin parèt pou pote fwi pou pèp Mwen an, Israël; paske avan anpil tan, y ap vini.


Ankò li te di mwen: “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a.


Di yo: ‘Mòn Israël yo, koute pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a a mòn yo, kolin yo, ravin dlo yo, ak vale yo: “Gade byen, Mwen menm, Mwen va mennen yon nepe sou nou, e Mwen va detwi wo plas nou yo.


Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:


Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.


Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.


Epi Mwen va egzekite vanjans kòlè ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo.”


Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, e Li va plede ka Li ak Israël.


Men Li te reponn e te di: “Mwen di nou, si sila yo rete an silans, menm wòch yo va pran rele.”


“Prete zòrèy nou, O syèl yo; kite mwen pale. Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo.


Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt.


Alò koulye a, kanpe pou m kab plede avèk nou devan SENYÈ a konsènan tout zèv ladwati ke SENYÈ a te fè pou nou avèk zansèt pa nou yo.


Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.” Epi li te di li: “Pale”!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite