Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 31:37 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

37 Konsa pale SENYÈ a: “Si syèl anwo yo ka mezire, e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba; alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

37 Si yon jou yo ka rive mezire wotè syèl la, si yo ka rive konnen fondasyon latè a, konsa tou, yon jou mwen ka rive voye tout pèp Izrayèl la jete poutèt tou sa yo fè ki mal. Se Senyè a menm ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 31:37
13 Referans Kwoze  

Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout tè a? Di M si ou konnen tout sa a.


Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a va kanpe janm jis pou tout tan. Ou te etabli syèl yo. Fidelite Ou rete nan yo.


Kilès ki te monte nan syèl la e te desann? Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li? Kilès ki te vlope dlo nan vètman li? Kilès ki te etabli tout pwent tè yo? Ki non li e ki non fis Li a? Asireman, ou konnen!


Se kilès ki te mezire dlo nan pla men L? Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri; ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi, ki te peze mòn yo nan gwo balans, e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?


“Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo. Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo pa ta janm inonde latè ankò, konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou, ni ke Mwen p ap repwoche nou.


Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda. Menm chwazi pa M yo va eritye l e sèvitè Mwen yo va demere la.


Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”


O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a: “paske, Mwen avèk ou. Paske Mwen va fè fen a tout nasyon kote Mwen te chase ou ale yo. Sepandan, Mwen p ap fè fen a ou menm; men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite