Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Miche 6:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Pèp Mwen, se kisa Mwen te fè Ou? Nan kisa Mwen te fatige ou? Reponn Mwen!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Senyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m konsa? Reponn mwen non!

Gade chapit la Kopi




Miche 6:3
11 Referans Kwoze  

Konsa pale SENYÈ a: “Ki enjistis papa zansèt nou yo te jwenn nan Mwen, pou yo te ale lwen Mwen, pou yo te mache dèyè sa ki vid pou te vin vid yo menm?


O ke pèp Mwen an ta koute Mwen, ke Israël ta mache nan vwa Mwen yo!


O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’


“Koute O pèp Mwen an e Mwen va pale. O Israël, Mwen va fè temwayaj kont ou. Mwen se Bondye, Bondye pa ou a.


Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.


Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”


Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou. O Israël, si ou ta koute Mwen!


Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.


Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja? Poukisa lè M te atann a bon rezen yo, li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite