Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




2 Samyèl 22:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Latè te tranble e souke. Fondasyon syèl la t ap tranble. Yo te sombre, akoz Li te fache.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Lè sa a, latè pran tranble, li souke, Fondasyon syèl la pran souke, Yon sèl frison pran yo paske Bondye te ankòlè.

Gade chapit la Kopi




2 Samyèl 22:8
13 Referans Kwoze  

Loray Li yo klere tout mond lan. Latè wè e li tranble.


Pilye syèl yo tanmen tranble, e yo etone lè L repwòche yo.


Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an. Loray yo te klere tout tè a. Mond lan te tranble. Li te souke.


“SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir, lè Ou te mache soti nan chan Édom an, tè a te tranble e syèl la te fonn, menm nwaj yo te degoute dlo.


Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li.


Mòn yo tranble akoz Li, e kolin yo vin fann nèt. Anverite latè a boulvèse pa prezans Li, lemonn ak tout sa ki rete ladann.


Konsa, latè a te tranble. Fondasyon a mòn yo te tranble. Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.


Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.


Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann.


tè a te souke. Syèl yo tou te lage lapli devan prezans Bondye, prezans Bondye Sinaï lan. Mond la li menm tè a souke devan prezans Bondye a, Bondye Israël la.


Men nonm nan ki touche yo, dwe ame avèk fè ak shaf lans. Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife, nan plas kote yo ye a.


Chemen Ou an te nan lanmè a, e vwa Ou nan dlo pwisan yo. Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite