Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 2:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Pou sa, jiska prezan, Mwen va fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a: “Menm avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Se konsa, mwen menm Senyè a, mwen pral plede ak nou ankò. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Mwen pral plede ak pitit pitit nou yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 2:9
12 Referans Kwoze  

Li rele tout syèl yo anwo, avèk latè pou jije pèp Li a:


“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,


Se SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo e ki kanpe pou jije pèp la.


Mete M nan memwa ou. Annou diskite ka nou ansanm. Prezante ka ou pou ou ka jistifye ak eprèv ou.


Poukisa ou fè kont avè M? Nou tout te fè transgresyon kont Mwen,” deklare SENYÈ a.


Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan. Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’ Gade byen, Mwen va antre nan jijman avèk ou, paske ou di: ‘Mwen pa t peche.’


Nan vant manman, li te kenbe frè l pa talon; epi lè l fin grandi, li te lite ak Bondye.


Rebike manman ou! Rebike, paske li pa madanm mwen; ni mwen pa mari li. Kite li retire pwostitisyon li yo devan figi li, ak adiltè li yo soti antre tete li yo;


Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo, paske SENYÈ a gen yon pwose kont pèp peyi a: Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.


alò, Mwen menm va mete figi Mwen kont moun sila a ak kont fanmi li, e Mwen va koupe retire de pèp li a; non sèlman li menm, men tout sila ki jwe pwostitiye dèyè li yo, lè yo jwe pwostitiye dèyè Moloc.


Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, e Li va plede ka Li ak Israël.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite