Mak 14:61 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Li te rete an silans, e pa t reponn yo. Ankò wo prèt la te poze L kesyon e t ap di Li: “Èske Ou menm se Kris la, Fis a Sila Ki Beni an?” 1998 Haïtienne Jezi pa louvri bouch li, li pa reponn anyen. Granprèt la kèsyonnen li ankò, li mande l: — Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye ki merite lwanj la? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a, Pitit Bondye beni an?” |
Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou.
Li te vin oprime e aflije; malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa, e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila k ap taye lenn li yo, konsa Li pa t ouvri bouch Li.
Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?”
Wo prèt la te leve. Li te vini devan, e te kesyone Jésus. Li te di: “Èske ou pa reponn kesyon yo? Kisa ke moun sa yo ap temwaye konsa kont ou yo?”
Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Li te reponn yo e te di li: “Se ou ki di l.”
Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”
èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?
Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”
Jwif yo te reponn li: “Nou gen yon lwa, e pa lwa sila a, Li dwe mouri paske Li te fè kòmsi se Fis a Bondye Li ye.”
Li te lantre ankò nan tribinal la e te di a Jésus: “Kote Ou soti?” Men Jésus pa t reponn li.
Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a: “Li te mennen kon yon mouton nan labatwa. Kon yon jenn mouton an silans devan sa k ap taye lenn sou do l, li pa t louvri bouch li.
Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo.
Epi pandan yo t ap joure Li, Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.