Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Timote 6:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Se Bondye k ap voye Jezikris retounen nan jou li menm li fikse a. Se li sèl ki mèt onorab epi diy sou tout bagay. Li se Wa sou tout wa yo, Senyè sou tèt tout SENYÈ yo.

Gade chapit la Kopi




1 Timote 6:15
16 Referans Kwoze  

Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”


Sila yo va fè lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.


Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Men SENYÈ a se vrè Bondye a; Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la. Devan kòlè Li, tout latè tranble e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.


Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.


selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.


“Jan Mwen viv la,” deklare Wa a ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo, “Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo, oswa tankou Carmel akote lanmè a; se konsa lap vini.


pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.


Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a Sila ki vivan jis pou tout tan an; Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.


Akoz mwen, wa yo vin renye; e gouvènè yo fè dekrè lajistis.


ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


“Artaxerxès, wadèwa yo, a Esdras, prèt la, skrib lalwa Bondye Syèl la, lapè pafè. Depi koulye a,


“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab.


Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo, paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite