Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 10:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Jwif yo sanble bò kote l, yo di l konsa: — Kilè w'a wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.”

Gade chapit la Kopi




Jan 10:24
13 Referans Kwoze  

E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”


Anverite Ou pa pi gran pase Papa zansèt nou, Abraham ki te mouri an? Pwofèt yo te mouri tou. Ki moun menm Ou fè pretansyon ke Ou ye?”


Epi yo t ap di Li: “Ki moun Ou ye?” Epi Jésus te di yo “Menm sa a Mwen t ap di nou depi kòmansman.


Li te mande L: “Èske Ou se Sila ke nou t ap tann nan, oubyen èske nou bezwen tann yon lòt?”


Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo.


“Bagay sa yo Mwen pale nou an parabòl. Lè a ap vini lè M p ap pale avèk nou ankò an parabòl, men M ap pale nou byen klè konsènan Papa a.


Paran li te pale konsa paske yo te krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, yo ta mete l deyò nan sinagòg la.


Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, pou konprann si se Kris la ke li te ye,


Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.” Men moun yo pa t reponn menm yon mo.


Li t ap pale bagay la byen klè. Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.


Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.


Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite